lundi 18 janvier 2010

Moman rive pou nou lonje men bay Ayiti










Moun Kafou ak Leyogan,

Moman sa a se yon gwo tès. Kòm yo di"se nan malè ou konnen moun ki zanmi ou tout bon." Nan Kalamite ki touye plis pase 100,000 moun e ki mete lavi sa k sove yo an danje, Modess ap mande nou pou lonje men jan nou kapab bay frè, sè, ak zanmi nou yo.

Nou pa bezwen voye dlo, rad, manje..... Nou sèlman bezwen voye lajan; kèlkeswa kantite a! Modess etabli yon biwo nan College Shalom, Monrepo 42. Ou ka fè fanmiy ou ak zanmi ou tcheke nan lekòl sa a.

Anpil moun vle ale nan pwovens kote yo gen fanmiy ak zanmi, men yo pa gen lajan pou yo peye transpò. Pou rezon sa a MODESS ap tann èd ou. Kòm transfè yo poko retounen fonksyone, ou ka depoze sou kont Paypal Modess genyen. Vizite sit MODESS, epi klike sou "votre don," l ap mennen sou Paypal; se la w ap depoze lajan an.

Sou blòg sa a, MODESS ap pibliye tout lajan li resevwa; l ap bay rapò sou ki jan lajan depanse .

Men telefòn Damus ak imel li
509-3476-4573
modesskfou@gmail.com ou info@modess.org

Modess konte sou ou!

Labels: An pote kole pou n sove frè n ak sè nou yo.

1 commentaire:

Pierre Lainay a dit…

Mwen salye nou mesye pou kouraj nou ak deteminasyon nan travay ke nap fe avek jenes kafou-a nan moman difisil sa ke peyi nou Ayiti Toma ap travese.Mwen kontan we ke nou toujou kembe flanbo Modess byen fo.Sa fe mwen konpran ke inisyativ nou te pran pou nou dote komin Kafou yon oganizasyon ki solid pat fe an vin.